Aller au contenu

Pale pou viv: Kreyòl, baboukèt lengwistik ak batay pou diyite

Kreyòl se lang pèp Ayisyen an, men li viktim diglosi, baboukèt lengwistik, ak esklizyon pa sistèm Leta ak lekòl.

Table des matières

Ki sa pale vle di?

Manman m ki pa konnen li, ki pa save, toujou ap di m li pa moun sosyete a paske li pa pale fransè, men li pare pou bay souf li pou m pa menm jan ak li, pou m pa pote lèt kondanasyon m ale. Mwen pat konprann anyen nan koze manman m yo, se pa fòt mwen, m pat gen zam pou sa. Anpil lane pase, mwen peye dèt mwen ak lekòl la, m regle koze m ak lang fransè a tou jan m kapab. Lè m gen zam pou m konprann, mwen wè manman m se youn pami milyon, pi plis toujou moun ki fè tan lekòl pa ka pale lè yo bezwen, ki fè, m konprann ale lekòl la pat ap otomatikman rezoud pwoblèm manman m lan. Menm jan ak defen manman m, plis pase 12 milyon kreyolofòn ap viv ak baboukèt nan bouch yo: "ensekirite lengwistik". Bagay sa kenbe lespri m an otaj; m ap mande m san sès pouki kreyòl ayisyen an pa reyisi layite kò l pou fè Leta, biwokrasi ak lekòl? Nan poze kesyon, repons yo dechire nannan m.

Pou nou pouswiv lanbisyon kwonik sila nan seri atik n ap fè yo, nou vle kòmanse montre:

  1. Lang lan se yon gwo zam manch long, zam lagè menm (Istwa ak sosyoloji).
  2. Lang kreyòl ayisyen pa manke moso (lengwistik)!
  3. Pouki lang fransè sa se yon pèlen tèt pou Ayisyen (Istwa ak Sosyoloji)

Vè a andedan fwi a

Avan 1804, lavi te òganize yon jan sou zile a, mas moun kolon esklavajis blan yo te fòse e mennen isit la te fòje yon fason pou yo egziste, pou yo pa peri san kite tras. Byen bonè mas kaptif yo kreye yon sistèm kòd, apati mo ak imajinè yo te posede avan yo te vini chwe isit la, men tou yo te fè pa yo ak resous langaje ki te disponib nan lang fransè, espayòl ak lòt toujou. Brasaj imajinè, kreyativite, jeni natirèl, ak nesesite epòk la fè mas moun yo di ki p ap janm anyen yo kreye yon bann richès je pa ka wè ni okenn gwo djab pa ka posede, pami yo, yon lang ki rele yo chèmèt chèmètrès.

Li enpòtan pou nou di, administrasyon kolonyal la pa reyisi fè Ayisyen pale fransè, malgre tout estrateji ak resous tout kalite ki mobilize pou sa. Dayè, bagay sa se youn pami gwo echèk Lafrans kolonyal la nan Sendomeng ak nan Ayiti.

Li nesesè pou nou di se pa 1804 ki dat nesans lang kreyòl la, pèsonn pa ka di kilè lang kreyòl la fèt paske pyès moun pa gen pouvwa sou imajinasyon, kreyativite ak jeni natirèl pèsonn. Si 1804 Ayiti deklare li granmoun tèt li, ta sanble diskou ki di nou pa rete ak moun nan fèt nan lang fransè, lang blan an rasis esklavajis yo. Lang sa tounen lang ofisyèl Nasyon an, bagay sa san sans, mas moun ki te goumen pou te fè endepandans la pa pale fransè, pa konnen li, pa ekri fransè. Enben, se la nou ka konprann pwoblèm lang lan se youn, siman se pi gwo kontradiksyon fondamantal nasyon an. Premye repiblik nèg sou Latè a pale fransè.

Li nesesè pou nou di se sou kontrent yon ti minorite zwit nan nou fòse rabache kèk mo fransè. Kontrèman ak sa Lafrans ak ti minorite kreyolize entèmedyè yo ka kwè, yo pa reyisi fè Ayisyen pale fransè. Pale fransè pa pwoblèm Ayisyen tou dayè, li se pwoblèm Lafrans ak yon ti ponyen moun k ap chache rekonesans ak lejitimite.

Si pat gen kreyòl nou t ap bèbè

Lang tout ayisyen pale se kreyòl, men gran manjè ki akapare yo viktwa nouvo Leta a mare sosis yo ansanm pou toupizi mas defavorize yo nan mete baboukèt nan bouch yo. Ti minorite zwit ki gen ti po jòn, ki pale fransè pran tèt yo pou ti bondje sou latè. Se konsa, yon bon pati nan pitit peyi a, pou nou pa di pifò, rete deyò depi nan kòmansman. Se nan konsa kole 2 mo fransè tounen yon mwayen pou kabre moun, fransè vin pa sèlman yon lang li tounen yon zouti pou fè diferans, yon mwayen pou divize, pou gen pouvwa, pou enferyorize. Byen vit, yo vle n kwè konesans ak pouvwa se an fransè sa fèt.

Poutan, lang kreyòl la reziste e reyisi tabli kò li byen djanm e simante tout Ayisyen. Malgre tout prejije, tout avilisman lang kreyòl la pa batba se nan lane 1979[1] lang kreyòl la resi antre an katimini, chichman nan Lekòl, se pa ti bougonnen bagay sa pa fè. Ti boujwazi a jennen men l oblije, nan yon Konstitisyon (1987[2]) ki ekri an fransè rekonèt kreyòl la se lang tout Ayisyen pale e se youn nan lang ofisyèl peyi a. Kòmsi ta di w, Pèp souvren t ap tann Konstitisyon pou l pale.

Atik 5 konstitisyon (29 mas 1987) la di: «Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl la». Viv ansanm lan konplike ant kreyòl la ak fransè a. Maximilien Laroche, yon lengwis Ayisyen-Kanadyen, di konsa:

"Ayisyen an dechire andedan l ant moun li ye a (Kreyòl) e moun l ap fè tankou li ye a (fransè). Lavi l repoze sou yon seri bagay ki pa koresponn, ke w ta ka rezime konsa: vodou-katolik. Ou ka panse bagay sa jis kiltirèl ak sosyal, non li plis pase sa, li gen konsekans sou tout lavi l[3]."

Bagay Maximilen L. di a valab pou yon ti pati moun, sila k ap chache mwayen kreyolize tèt yo; ki rete nan Vil ak periferi Pòtoprens ke nou pa ka konsidere pou 20% nan popilasyon an.

Si moun k ap dirije peyi a pale 2 lang, tout popilasyon an nèt pale yon sèl lang, kreyòl. Bagay sa rele "diglosi" pa "bilingwism". Nou rele diglosi tout kominote kote yo pale 2 oswa plis lang kote gen youn nan lang yo ki sèvi pou fè lekòl, Leta, Literati epi lòt la ou lòt yo sèvi pou aktivite chak jou. Ayiti pa biling! Diglosi manifès sa gen konsekans sou lavi sosyete a, se li ki mete baboukèt "ensekirite lengwistik" nan bouch Ayisyen depi twò lontan.

Menm si pèp souvren pat janm ap tann Konstitisyon oswa otorizasyon Leta pou l pale lè l pito, pou l fè atizay, pou l viv. Ti ponyen kreyolize ki pran an otaj Leta a soti pou ba l bout teren, barikade moun ki pale kreyòl senpman. Malgre esklizyon manifès, malgre enjistis ak asasinay sou imajinè mas popilè yo, kreyòl la tabli kò l e rete doubout. Leta pòtre moun ki pèdi bonnanj, li pa fouti anglouti ni enpoze volonte li ak pi fò moun li pretann l ap dirije e sèvi yo, li tounen yon blag ki koz yon bon pati nan sosyete a òganize dèyè do l, pa pete ba l santi. Chaje Leta nan Leta.


[1] Yo te entrodui kreyòl la nan edikasyon nasyonal Ayisyen an atravè yon lwa yo te vote nan dat 18 desanm 1979. Bentolila, A., & Gani, L. (1981). Lang ak pwoblèm edikasyon an Ayiti. Langages, 15(61), 117-127. https://doi.org/10.3406/lgge.1981.1871

[2] Atik 213 konstitisyon 1987.

[3] Laroche, M. (1968). Portrait de l'Haïtien. L'Haïtien, (10), 15-97.

commentaires

Dernières nouvelles