Aller au contenu

De koze pou yon lang vivan

Kwonik sa defann valè lang kreyòl Ayisyen, denonse prejije, epi mete aksan sou nesesite pou afime li san konpleksite.

Photo by Amy Hirschi / Unsplash

Table des matières

Mwen pa merite pran tit otè Kwonik sila pou kont mwen. Lide k ap deplòtonnen andedan l yo te kòmanse anvan mwen. Travay Michel-Rolph Trouillot, Yves Dejean, Jocelyne Trouillot Lévy, Jean Casimir, Suze Mathieu, Fortenel Thélusma... diskisyon ak kèk kanmarad etidyan ak lòt moun ankò nouri e akonpaye m pou m reflechi miyò. Se tou rezilta, se benefis travay anba men Pwofesè mwen nan Fakilte Syans Imèn, nan Lekòl Siperyè Jounalis Lil, nan Inivèsite Yawounde I... Men sitou, se dewoulman lavi, dwa ak lapawòl plis pase 12 milyon kreyolofòn ki motive Kwonik sa. San di petèt, Leslie François Manigat, Dantès Bellegarde, Louis-Joseph Janvier, Jean-Price Mars ak lòt ankò, akonpaye m tou menm si mwen pran distans ak panse yo sou koze lang lan. San fòlklò, san tetelang, san mande eskiz ni pèmisyon sou chemen afimasyon nou. Diskriminasyon, prejije, baboukèt, avilisman lang kreyòl la pa mennen nou okenn kote. Gen ijans pou sa sispann. Agiman yo avanse pou fè kwè kreyòl pa ka sèvi nan syans, pa ka fè literati, pa ka monte tab, pa bay opòtinite pou rankontre lòt kilti ak lòt konesans – tout agiman sa yo pa chita sou okenn baz solid.

Nou p ap manke lonje dwèt sou otorite Leta, Lajistis, pèsonalite politik, atis tout plimay ki kontribye nan avilisman lang kreyòl Ayisyen an, nan jan yo ekri l, pwodwi ladan jan yo pito. Wi, lang kreyòl Ayisyen an toujou ap reziste anba tout opresè, tout gwo save ki vle fè kwè kreyòl pa ase bon pou patisipe nan festin, nan seremoni ofisyèl, nan remèt diplòm. Se pou sa menm, Kwonik sila gen 2 lanbisyon:

  1. Premyeman, di yo yo nan manti epi avanse agiman.
  2. Dezyèmman, montre lang kreyòl la pa yon ti lang petevi: li grandi, li gen matirite, li pa manke moso, epi li esansyèl si nou vle fè miyò. Pou n reyalize lanbisyon sa yo, agiman nou yo ap chita sitou sou: istwa, sosyoloji ak lengwistik.

Mwen p ap bliye di, Kwonik sa pa vize atake pèsonn pèsonèlman ni alimante kerèl san sans ant franse ak kreyòl. Se pa yon Kwonik kont lang franse, se yon Kwonik pou lang kreyòl Ayisyen an! Piti kou sa ye, nou swete li pote yon ti etensèl ki ka bay ti konpreyansyon ak sila yo kesyon an enterese. Petèt li ap itil lè n ap tanmen respekte wòl ak plas lang kreyòl la dwe jwe nan lavi pèp Ayisyen. Bon lekti!

Koute byen: Tout tèks nou chwazi site nan Kwonik la pa parèt pa aza. N ap chwazi otè yo sou baz espesyalis yo, pou pètinans refleksyon yo ak kalite tèks yo tou. Epi nou chwazi bay priyorite otè Ayisyen ak tèks ki ekri an kreyòl. Nou panche sou pwoblèm lan ak moun ki konnen li e k ap viv li. Sa pa vle di tèks ki pa sòti isit la pa bon oswa nou pa sèvi ak tèks an franse! Pandan deplwaman Kwonik la, ap gen otè ki soti toupatou, men nou mete aksan sou chèchè Ayisyen ak tèks ki ekri an kreyòl anvan tout bagay. Nou pran prekosyon: nou p ap fè yon moun di sa li pa di. Nou dakò, si gen erè tradiksyon, n ap pote chay la.


Daniel Lamour se Ayisyen, nèg Latibonit, Gonayiv. Li fè etid nan kominikasyon sosyal, nan jounalis ak jounalis miltimedya. Li se espesyalis nan syans langaj. Li enterese anpil nan istwa pèp nwa nan mond lan ak koze lang nan Karayib la, espesyalman Kreyòl Ayisyen an.

commentaires

Dernières nouvelles