Aller au contenu

Pi gwo katastwòf Ayisyen ap viv jounen jodi a

Ayiti ap viv yon gwo kriz sosyal : vyolans, pèsekisyon, ensekirite, kraze enstitisyon, rayisman, ak silans total bò kote elit yo​.

Table des matières

12 janvye 2010, yon tranblemanntè frape Pòtoprens; li te touye plis pase 200 000 (Perspective Monde, 2021) moun, selon chif ofisyèl ki te pibliye apre katastwòf sa a. Imedyatman apre, yon bann òganizasyon non gouvènmantal (ONG) te debake ann Ayiti pou pote èd. Peck Raoul, Rachèle Magloir ak Stéphanie Black (2013). fè yon fim kote li kalifye èd sa yo kòm asistans mòtèl. Ricardo Seitenfus (2015), yon diplomat brezilyen ki t ap travay ann Ayiti nan moman sa a, ekri yon liv kote li pale de l’échec de l’aide internationale à Haïti. Avan Seintenfus, Mark Schuller (2012) pibliye yon liv ann anglè ki tradui an franse konsa: Cette charité qui tue.

Si Sauveur Pierre Étienne, nan mitan ane 1990 yo, te gentan pale de l’invasion des ONG, apre tranblemanntè 2010 la, Frédéric Thomas (2020) li menm trete Ayiti kòm République des ONG nan yon emisyon sou chèn Centre Tricontinental (CETRI) sou entènèt. Anpil entelektyèl te reyaji sou gwo katastwòf natirèl sa a, ki se te yon gwo trajedi nan lavi pèp ayisyen an. Frédéric Thomas te gentan di, avan katastwòf natirèl sa a, Ayiti te deja ap viv yon katastwòf sosyal.

Antouka, sa Thomas te wè a pa t anyen devan katastwòf pèp ayisyen an ap viv jounen jodi a. Nan atik sa a, objektif prensipal nou se montre katastwòf sosyal pèp ayisyen an ap viv jodi a se youn nan pi gwo katastwòf peyi a konnen depi 50 dènye ane yo. Katastwòf sa a gen plizyè mak fabrik tankou:

  • Lachas kont moun ki pi pòv yo nan katye popilè yo
  • Destriksyon ak okipasyon pifò espas piblik yo
  • Kraze brize sistèm edikatif la ak tout sistèm sante a
  • Lapèrèz, rayisman ak paranoya nan sosyete a, espesyalman nan Pòtoprens
  • Soumisyon total sa yo rele elit politik yo (pati politik ak tout manm gouvènman an) a diktatwa etranje, espesyalman diktatwa meriken

Sa yo se kèk eleman ki karakterize modèl kriz n ap viv jounen jodi a. Men pa gen okenn kriz ki etènèl. Se yon faz nan devlopman nasyon an; wè pa wè, l ap chanje. Epi chak jou, chanjman ap parèt pi klè.

Lachas dèyè moun ki pi pòv yo

Ou ta di povrete se yon malediksyon tout bon vre. Pòv nan peyi Dayiti ta dwe konnen sa trè byen. An prensip, sa nou rele pòv yo se mas yo nan peyi Dayiti, espesyalman sa k ap viv nan katye popilè nan vil yo, sitou gwo vil tankou Pòtoprens, Okap, Gonayiv, Okay, pou n site sa yo sèlman. Genyen mas peyizan yo, espesyalman ti peyizan ki pa gen anpil resous, oswa ki gen sèlman fòs travay yo pou vann jounen pou yo ka siviv.

Se pa premye fwa, depi 21yèm syèk la kòmanse, mas yo anba atak gwoup paramilitè oswa gang kriminèl asasen. Apre koudeta septanm 1991 kont Jean-Bertrand Aristide, te gen yon gwoup paramilitè ki te rele Front Révolutionnaire pour l’Avancement et le Progrès d’Haïti (FRAPH). Gwoup sa a te pèsekite anpil militan òganizasyon popilè ak patizan Aristide. Yo te òganize plizyè masak nan katye popilè yo, tankou Raboto, Site Solèy, ak anpil lòt kote kote Aristide te popilè. Atachè yo te konn antre lakay moun, vyole fanm, bat tout moun yo jwenn, fè abi san limit. Emmanuel Constant, ki gen ti non jwèt li Toto Constant, se te chèf FRAPH la. Li t ap travay pou CIA ann Ayiti. Li te gen pou misyon espesyal trake epi fè disparèt tout patizan Aristide yo.

Yo te pran pretèks se kont Aristide yo t ap goumen, men se pa t sa vrèman. Yo te bezwen yon lidè ki te kapab aplike san poze kesyon plan neyo-liberal la (ki te vini sou non Inisyativ pou Zile Karayib yo, lanse pa administrasyon Bush). Se te yon plan baryè lib pou konstwi yon gwo mache soti Alaska pou rive jiska Tierra del Fuego, kote kapitalis ameriken ak alye yo te kapab vann san pwoblèm tout pwodui yo vle nan mache sa a, san peyi Karayib ak Amerik Latin yo pa ka fè menm bagay la.

Se te yon nouvo apwòch eksplwatasyon ak dominasyon pèp nan rejyon an. Se nan lojik sa a yo te lanse Alyans Lib Echanj Nò Amerik la (ALENA), ki te gen gwo konsekans sou agrikiltè meksiken, espesyalman pwodiktè mayi ki te vin wè pwodiksyon yo pèdi tout valè devan pwodui ki soti Etazini ak Kanada.

Se te sa; dayè nou wè, apre koudeta a, yo eseye resikle Aristide pou fè l tounen yon prezidan neyo-liberal k ap kache dèyè yon vè blende, lè yo mennen li tounen pou li pale ak pèp li apre plis pase twa lane ekzil. Aristide te oblije pran angajman pou li fè privatizasyon, pou li pa pwoteje okenn pwodiksyon lokal, epi pou li aplike yon politik baryè lib. Li te siyen pou sa. Epi yo mennen li tounen tankou yon kòk deplimen.

Vrè lènmi sistèm kapitalis sovaj sa a se mas yo – si yo òganize, si yo fè yon sèl ak ideyoloji pwogrè. Se pou sa sistèm nan envesti anpil nan vire lespri mas yo, kreye distraksyon pou yo pa janm pran konsyans.

Poukisa pèsekisyon kont mas yo? Enben, se paske se yo menm ki vrè fòs la. Motè chanjman, motè transfòmasyon tout sosyete, se mas yo. Men, se pa paske gen mas pèp, sa vle di y ap gen revolisyon oswa chanjman. Pou mas yo tounen yon veritab fòs pou transfòme sosyete a, fòk yo pran konsyans sou sitiyasyon pa yo. Sa vle di, fòk yo kapab idantifye enterè yo epi goumen pou defann enterè sa yo.

Klas ki vle pou mas yo rete nan mizè mete tout estrikti an plas pou anpeche yo pran konsyans tout bon. Yo ba yo yon legliz k ap preche mesaj reziyasyon, ki fè yo kwè apre lanmò, yo prale nan syèl. Yo fè pase yon bann mesaj reziyasyon nan chante, nan piblisite, pou fè yo kwè travay se toujou libète; ke ou ka dòmi pòv epi leve rich. Yon bann fo espwa.

Epi si gen kategori nan mas la ki pran konsyans epi leve kanpe kont sistèm ki an plas la, yo lage lapolis ak lame sou yo, yo arete yo, mete yo nan prizon, oswa fè yo disparèt. Tou sa fèt pou pa gen okenn chanjman.

Se nan lojik sa a Gwoup Viv Ansanm nan, ki se yon kowalisyon kriminèl k ap travay pou mafya entènasyonal la, sible mas popilè yo ki te mobilize kont ogmantasyon pri gaz la, epi ki te manifeste pou denonse eksplwatasyon yo ap sibi nan izin soutretans yo.

Destriksyon ak okipasyon pifò espas piblik yo, kontwòl mas yo

Prèske tout espas kote popilasyon te konn mobilize pou denonse koripsyon – tankou lajan PetroCaribe a elit politik yo detounen – oswa pou denonse ensekirite ak konplisite ant elit politik yo ak mafya entènasyonal la, yo tout fèmen. Channmas, ki te yon bèl espas kote manifestasyon konn chofe avan manifestan yo pwoteste, bloke. Kafou Rezistans lan, sou wout Ayewopò a, okipe. Okenn manifestasyon pa ka ni demare ni al bout la.

Lè gen manifestasyon, militan yo te konn pase pran moun nan kèk katye popilè tankou Fò Nasyonal, Bèlè, Site Solèy. Popilasyon Solino, Nazon, Aveni Poupla te konn vin manifeste; Kafoufèy te konn desann tou. Tout espas sa yo kounye a okipe. Nou pa bezwen pale de Matisan, Vilaj Dedye, Site Letènèl. Katye sa yo anba kontwòl gang ki gen dwa sou lavi ak ti sa moun yo genyen kòm byen.

Pa gen libète lapawòl ankò, sof si w ap pale nan enterè gang yo. Pa gen libète reyinyon, sof si li anfavè gang yo. Lekòl, legliz, ti biznis – tout anba kontwòl kriminèl yo.

Dènyeman, yon chèf gang deside pou kont li touye plis pase 200 granmoun (Radio France Internationale, 2024) nan Site Solèy, san li pa pè anyen. Yon lòt deside fouye telefòn moun nan fyèf li pou verifye si yo pa an kontak ak polisye. Tout moun li jwenn ki te gen kontak sa a, li fizye yo. Nan teritwa li a, pèsonn pa ka pwoteste. Tout moun rete bouch fèmen. Yo kraze lekòl. Yo fòse timoun travay pou yo (retire yo lekòl, mete yo nan gang). Yo tire sou avyon k ap pase sou tèt katye yo. Yo se sèl kòk chante nan teritwa yo. Te deja pa gen sinema, bibliyotèk, oswa sal teyat. Tout moun dwe redui an bèt menm jan ak yo.

Sitiyasyon an pi rèd pase yon diktati militè fewòs ki gen sèvis siveyans ak ajan pou arete epi fè disparèt opozan yo. Mwen sonje yon rankont mwen te genyen nan youn nan katye Site Solèy nan kad yon ankèt. Mwen t ap fè kèk entèvyou. Premyèman, mwen te oblije voye mande pèmi pou m te ka antre epi sikile nan Site a. Dezyèmman, nan youn nan sal kote m t ap fè fokis gwoup la, te gen nèg ak zam ki t ap siveye pou tande sa m ap di. Menm mennen ankèt pa fasil nan espas sa yo. Poutan, yo tolere fonksyònman legliz, epi yo konn envite djaz ak mizisyen vin jwe pou yo, depi moun sa yo pa kritike rejim yo.

Pa gen manifestasyon popilè ki kapab òganize san otorizasyon chèf gang yo, ki jeneralman gen kontak ak dirijan politik ki kòwonpi (Vant Bèf Info [VBI], 2020). Yo gen alyans ak yo. Epi, yo toujou ap site non kèk nan politisyen sa yo pou di se yo ki te ba yo zam, ba yo lajan. Kidonk, gang yo se yon zouti efikas pou enstale diktati nan katye popilè yo, pou anpeche popilasyon an defann dwa li.

Kraze sistèm edikasyon an ak tout sistèm sante a

Nou te deja gen yon sistèm edikatif kote sektè prive a kontwole plis pase 85% kapasite a. Nan lekòl matènèl menm, yo kontwole plis pase 94% [1] Malgre Ayiti se yon peyi kote pifò popilasyon an pa gen ase lajan pou viv byen – sa vle di yo ap viv nan povrete – malgre Konstitisyon Repiblik la di tout timoun, san distenksyon, dwe ale lekòl gratis jouk yo rive 16 lane, lekòl pou timoun se yon gwo machandiz ann Ayiti. Anpil timoun, espesyalman timoun ki andikape, pa ka ale lekòl.

Men sa ki pi di a, sa nou ta rele abse sou klou a, se bann ak pakèt lekòl gang yo kraze, ansanm ak plizyè lekòl nasyonal ak Lise ki vin tounen kan pou moun gang yo t ap kouri dèyè nan katye popilè yo. Yo boule lekòl, yo boule bibliyotèk, yo kraze lekòl pwofesyonèl. Nan domèn ansèyman siperyè, se rèl nèt. Pi gwo inivèsite nan peyi a, ki se Inivèsite Leta Ayiti (ILA), gang yo mete l ajenou, de men dèyè tèt li. Yo rete sèlman pou apiye sou gâchèt la epi fini ak li nèt.

Yo kraze epi piye Fakilte Agronomi, kote peyi a fòme agwonòm ak veterinè; yo vandalize epi ravaje Fakilte Syans kote peyi a fòme enjenyè ak achitèk; yo fè menm bagay la ak Fakilte Medsin, Famasi ak Odontoloji; Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE); Lekòl Nasyonal Enfimyè Pòtoprens (ENIP); Lekòl kote peyi a fòme atis li yo; yo mete deyò Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) ak Fakilte Etnoloji (FE). Dènye kou ki pou touye koukou a: yo rive sou Fakilte Syans Zimèn (FASCH), Enstiti Siperyè Etid ak Rechèch nan Syans Sosyal (IERAH/ISERSS) ak Enstiti Nasyonal Administrasyon, Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse (INAGHEI). Prèske pa gen anyen ki rete ankò.

Lakoz sitiyasyon sa a, anpil pwofesè kouri kite peyi a pou ale aletranje: medsen, ekriven, enjenyè, sosyològ, antwopològ, travayè sosyal – tout kalte pwofesyonèl ap chèche sove po yo.

Nan domèn lasante, se menm reyalite a. Selon chif òganizasyon mondyal lasante mete deyò, sou 908 enstitisyon sante ki gen nan peyi a, 31% pou Leta, 46% pou sektè prive a, 23% miks [2]. Nou te deja gen yon sistèm sante klopi klopan. Gang yo boule lopital: pi gwo lopital referans nan Pòtoprens, Lopital Jeneral, yo vandalize li. Yo te deja fè sa pou Lopital Saint-François de Salles. Yo boule epi piye Lopital Bernard Mevs. Yo touye bann ak pakèt medsen. Dènye an dat la, se doktè Laurent Beaugé yo te asasinen nan machin li, Dèlma.

Nan moman n ap ekri atik sa a, pi gwo malè ki ka rive yon moun, se tonbe malad nan Pòtoprens. Eksepte avyon k ap pote zam ak blende pou al touye bandi, lòt avyon pa ka antre ni sòti Pòtoprens. Kidonk, medikaman pa ka antre. Moun nan pa ka sòti non plis pou al pran swen lòt kote. Nan sans sa a, moun nan gen anpil chans pou l mouri, paske l ap difisil pou l jwenn swen.

Panse kritik ak angajman entelektyèl atè plat nèt

Bagay sa yo rive nan yon moman kote panse kritik, angajman entelektyèl atè plat ann Ayiti. Imajine yon peyi san fòs travay, san jèn fanm ak jèn gason, san teknisyen, san entelektyèl, san medsen, san agwonòm, san enjenyè, san dantis, san sosyològ, san filozòf, san istoryen, san atis. Pa menm gen inivèsite; pa gen refleksyon; pa gen panse kritik ankò. Osinon, si li egziste, li pa vilgarize. Prèske pa gen jounal pou fè piblikasyon. Le Nouvelliste ak Le National, non sèlman limite nan Pòtoprens pou yon ti piblik zwit, men sa y ap pibliye a pa reprezante sa k ap pase jounen jodi a nan peyi a.

Anplis, sou rezo sosyal yo, ou jwenn jounalis k ap pale plis pou fè zen oswa joure, di betiz. Anpil ladan yo ap bay manti pou fè bòz sèlman. Pa gen kote pou jwe teyat ankò, sitou teyat ki ka kritike sa k ap pase nan sosyete a. Ou ka konte sou dwèt ou atis ki pran angajman nan chante yo, mizik yo pou Ayiti.

Pandan Pòtoprens ap trepase, Ayiti tounen yon vye bagay nan medya entènasyonal ak nan lespri etranje yo, mizisyen ak atis ayisyen pa okipe de ka peyi a. Yo tout fèmen Ozetazini ap chèche fè bal, fè konpetisyon pou sa ki rasanble plis foul. Yo pa wè Ayiti ak kapital li, Pòtoprens, k ap disparèt.

Men lè te gen kòb nan mouvman pou voye Jovenel ale, yo te sou tout do cha ap fè manif-konpa-naval pou mande Jovenel lage pye l. Ki moun ki pa sonje Ti Djo ak Chaba nan koze sa yo? Depi gen kòb yon kote, mizisyen nou yo – sitou mizisyen konpa yo – pap manke randevou. Men zafè peyi pa gade yo. Bagay la pa bon, yo al fè bal Florid. Yo al nan Festival Konpa Miami.

Depi Ti Manno, epi lè Tabou Combo ak Choubou te konn denonse enjistis ak inegalite sosyal, nou pa janm jwenn menm vwa sa yo ankò. Depi lè sa a, tandans mizik konpa ann Ayiti se pi reyaksyonè, pi matchis, pi retwograd nou te ka imajine. Gen kèk atis solo, kèk jèn ki eseye avanse kanmenm, plizyè ladan yo nan liy Manno Charlemagne. Yo pa jwe konpa; se nan tandans rap la gen kèk chante angaje tou. Men nou pa tande yo anpil nan moman sa a.

Akote desangajman sa a, genyen sa nou ta rele lanmò Lagoch la ann Ayiti. Ou ta di ONG yo jwenn bout li. Kritik Lagoch la sou sa k ap pase jodi a totalman absan. Bon, yo pa gen jounal, yo pa gen sitwèb, nou pa bezwen pale de sant dokimantasyon oswa menm yon jounal anliy. Laplipa moun ki fè pati tandans sa a jwenn tèt yo nan kad Akò Montana a. Anpil ap rale sou vant pou al chèche djòb nan ministè ki anba kontwòl Montana.

Moïse Jean-Charles se pi gwo desepsyon sektè Lagoch la. Gen moun ki di sa pa t ap etone yo si li t ap travay pou CIA. Non sèlman li desevwa moun ki te kwè nan li ak diskou de klas li te kenbe a, men tou li fè pi mal pase moun ladwat k ap kontwole ministè nan gouvènman an. Mesye a pa t jennen pou l trete Ministè Agrikilti kòm “ti ministè”. Jesyon pati politik Pitit Desalin de ministè sa a ansanm ak patisipasyon li nan Konsèy Prezidansyèl la montre klèman ki kalite lidè Moïse Jean-Charles ye: li kapab tout bagay, sof yon lidè pwogresis, yon kamarad Lagoch tout bon vre.

Ki konpreyansyon ak entèpretasyon Lagoch la genyen sou sa mas popilè yo ap viv jodi a nan Pòtoprens epi nan rès peyi a? Ki liy ideyolojik ki dwe suiv nan kontèks sa a? Ki kritik ki dwe fèt sou rapò ant Ayiti jodi a ak enperyalis la? Èske nou ka toujou kenben diskou Loupenn pwoletarya , pwoletarya ak diktati pwoletarya jan Lenin te panse l la ? Sou ki fòs, ki estrateji, sou ki aktè nou dwe konte pou n sòti nan sa n ap viv la? Nou bezwen tande lidè lagoch yo, altènativ yo parapò a sitiyasyon n ap viv la a.

Lapèrèz, rayisab ak paranoya nan sosyete a, espesyalman nan Pòtoprens

Lapèrèz anvayi tout moun k ap viv Pòtoprens ki pa enplike nan gang. Santiman sa a pa sèlman endividyèl, li kolektif tou. Moun ap dòmi yon je fèmen, yon je louvri. Tout papye ki enpòtan ansanm ak kèk rad esansyèl pare nan yon valiz, pou lè kouri a rive, moun ka chape poul yo.

Kè sote, batman kè, lasyè, tranbleman, apeti koupe – se kèk siy anpil moun ap prezante nan katye ki menase pou gang anvayi yo nan Pòtoprens. Moun pè moun. Si w ap deplase soti nan yon katye pou ale nan yon lòt, fòk ou asire w gen pyès idantite sou ou epi w konnen yon moun ou ka rele lè w ap pase devan brigad otodefans yo. Depi w pa gen pyès, epi w pa gen referans sou kote w prale, ou riske pèdi lavi w anba men brigad yo – sitou si w gen tatou, tenis Lwi Vwiton oubyen rad Goutchi ( gang yo sèvi anpil ak mak sa yo). Se yon sitiyasyon konplike.

Si li difisil pou w wè sa sou figi kèk moun, nan katye yo ou kapab konstate sa. Nan pifò katye gang poko pran kontwòl, swa ou jwenn plizyè gwo baryè metalik, swa ou jwenn gwo barikad moun yo fè ak kakas machin anpàn, bout fè, ak tout lòt bagay ki ka sèvi pou monte baryè pou defann katye yo.

Kit se Debisi, Tijo, Kanapevè – pou pi piti, w ap jwenn de gwo baryè ki monte, san konte lòt ti barikad ki nan rès ri yo. Fenomèn sa a fè n sonje baryè Vivy Mitchel yo, katye moun afè bon, ki sitiye ant komin Petyonvil ak komin Taba. Nan tan lontan, baryè nan katye sa a te yon siy distenksyon sosyal. Yon moun ki t ap antre la te dwe di kiyès li vin wè, bay yon nimewo telefòn, elatriye.

Men kounye a, baryè yo sèvi pou defann tèt yo kont gang. Menm jan tou, anvan bagay yo vin rèd konsa, chak fwa yon moun fin konstwi kay li – kit li nan boujwazi a, klas mwayèn, e pafwa menm nan klas popilè – pwopriyetè a te konn mete yon gwo baryè metalik pou pwoteje kay la, si li te gen ase espas. Menm fenèt ki sou etaj yo konn gen fè fòje.

Moun yo tankou vin obsede ak santiman ensekirite a, paske Leta pa pran okenn dispozisyon pou asire sekirite popilasyon an. Men ak sa k ap pase jodi a, menm si kay la gen gwo baryè, menm si fenèt yo gen fè fòje, bandi yo mache ak zouti pou pèse mi, pete baryè, antre vòlò, epi touye moun anvan yo mete dife nan kay la.

Sitiyasyon sa a simen rayisman nan sosyete a. Te toujou gen rapò mefyans ak batay nan sosyete a, paske oligachi a toujou devlope rapò eksplwatasyon ak dominasyon sou klas popilè yo. Moun “anba”, jan yo di l, toujou konnen moun “anwo” pa zanmi yo. Men kounye a, se pa sèlman modèl rapò sa yo ki egziste. Gen rayisab anndan klas popilè yo menm; gen li tou ant eleman klas mwayèn yo (ant sa ki nan gang ak sa ki pa ladan l).

Moun nan klas mwayèn yo, sitou sila yo ki pa janm renmen katye popilè yo, vin pi rayi katye sa yo. Anpil ap swete pou gen bonm ki lage sou katye kote gang ap opere, pou detwi tout moun. Nou tande diskou ki di: “Depi ou rete nan Vilaj, Kanaran, Site Letènèl – ou antò.”

Se pa sèlman moun nan klas mwayèn lan ki viktim zak bandi yo. Menm moun ki rete nan katye popilè ke gang poko pran yo panse Leta ta dwe lage bonm sou katye kote gang yo ap viv. Chak fwa popilasyon an tande gen dwòn kamikaz ki tonbe sou yon katye gang, sòlda gang mouri, yo kontan. Dapre anpil moun, gouvènman an ta dwe lage bonm san rete sou katye sa yo.

Pa gen okenn enstans k ap defann dwa moun ki kondane sa k ap fèt la. Se zak kriminèl gang yo ki endiye konsyans kolektif la konsa.

Elit entelektyèl yo ak elit politik plis ap chache rezoud pwoblèm pa yo ak fanmi yo

Kijan yon moun vin entelektyèl save ann Ayiti? Se yon kesyon ki pa gen anpil deba sou li, men li ta enpòtan pou nou gade orijin entelektyèl yo pou n ka konprann poukisa yo toujou afiche konpòtman ak atitid antipèp, santre sou tèt yo, fanmi yo ak bon zanmi yo. Menm jan nou ta kapab mande tou: kijan yon moun – fanm tankou gason – vin politisyen ann Ayiti, jouk li antre nan aparèy Leta a, nan administrasyon piblik la, okipe pòs enpòtan, epi yon bon maten ou tande se gwo vòlò li ye, li detounen lajan, li konstwi gwo kay, li voye pitit li al etidye aletranje, madanm li al akouche aletranje, epi timoun li yo gen de nasyonalite? Si nou eseye trase trajektwa entelektyèl ak politisyen nou yo, petèt sa ap pèmèt nou fè ipotèz sou sa ki lakòz konpòtman ak atitid sa yo fas a detrès popilasyon an epi fas a peyi Dayiti li menm. Gen omwen twa kategori entelektyèl, selon orijin sosyal yo.

Premye kategori entelektyèl la

Premye kategori a se sa nou ta rele eritye yo, sa vle di moun ki gen paran (manman, papa oswa yon lòt pwòch fanmi) ki entelektyèl tou. Yo eritye yon seri byen kiltirèl fanmi sa yo genyen, tankou bibliyotèk, tablo penti, koleksyon jounal, elatriye. Moun sa yo ale lekòl bonè, paran yo aprann yo pale franse depi yo piti. Yo konn menm egzije bòn nan kay la pou l pale franse ak timoun yo. Paran oswa pwòch fanmi sa yo souvan gen bèl mwayen ekonomik tou. Se poutèt sa yo konn voye pitit sa yo al etidye aletranje (Lafrans, Kanada, Etazini). Repwodiksyon klas la asire nan sans sa a. Pitit sa a oswa ti pwoteje sa a ap vin ranplase paran li nan sa paran an t ap administre nan peyi a.

An jeneral, paran sa yo swa ladan politik oswa pre moun ki nan politik, kote koripsyon pèmèt yo jwenn bèl avantaj. Kategori entelektyèl sa a, amwenske li ta sibi enfliyans pwogresis ki ta pouse l pran pozisyon pou mas yo, pou travayè yo – zafè peyi pa enterese li; zafè transfòmasyon sosyete pa enterese li. Pou li, sistèm nan bon konsa.

Dezyèm kategori entelektyèl la

Dezyèm kategori entelektyèl la genyen apeprè menm orijin ak premye a. Yo se eritye tou, kòm pitit moun nan sosyete a ki konn li ekri, men ki pa gen gwo mwayen ekonomik, epi ki souvan pa fè etid avanse. Se enstititè, enstititris, jandam, koutiryè, polisye, chofè kamyon, kèk anplwaye ki pa okipe gwo fonksyon ni nan administrasyon piblik ni nan sektè prive a, pwopriyetè ti biznis tankou boutik, pastè, direktè lekòl, elatriye.

Kategori moun sa yo, anpil ladan yo kwè nan edikasyon pitit yo kòm mwayen pou fè yo ale pi lwen pase yo. Y ap prete, fè djòb difisil, mete tèt yo nan detwa konbit pou pitit yo reyisi. Anjeneral, pa gen bibliyotèk nan fanmi sa yo, ni lòt byen ki gen gwo valè kiltirèl. Paran sa yo konn sèvi kòm entèmedyè ant pitit yo ak moun ki sou echèl pi wo a, pou ede yo benefisye kèk avantaj: swa pou antre nan inivèsite, swa pou jwenn bous pou ale etidye aletranje. Yo fyè lè pitit yo reyisi epi yo bat lestomak yo pou viktwa sa a.

Anpil ladan yo anseye pitit yo yon seri valè moral ki chita sou onètete, respè pou byen lòt moun, ak rekonesans pou sa lòt moun fè pou yo. Nan kategori sa a, ou ka jwenn ni reyaksyonè, ni kòwonpi, ni opòtinis, men ou jwenn tou entelektyèl angaje ki vle chanjman – pou sosyete a vin pi jis, epi pou gen plis opòtinite pou plis moun.

Kategori entelektyèl sa yo plis eritye fanmi yo nan atitid ak konpòtman yo te devlope fas a sosyete a an jeneral, epi selon anviwònman kote yo te leve a. Si ideyal paran yo se te reyisi, “soti”, epi kite katye popilè kote yo te grandi a oswa seksyon kominal kote yo te fèt la, l ap difisil pou pitit yo pa kontinye ak ideyal sa.

Chak jou, soti nan kindègadenn rive nan etid siperyè, yo leve nan katye a, yo ale lekòl – swa yo mennen yo, swa yo ale pou kont yo lè yo vin gran – men yo pa janm wè katye a vre, ni moun ki ap viv ladan l. Yo pa konsyan de reyalite yo entegre a. Konsa, apre fòmasyon yo, premye reflèks yo lè yo jwenn yon djòb se kite katye sa a pou al viv yon lòt kote, deplase si posib paran yo pou al viv nan yon swadizan pi bon zòn. Genyen ki pa deplase fanmi yo, men ki refè kay la. Tout moun gade sa kòm yon siksè pou fanmi an. Men yo pa wè ni peyi, ni kominote a: “le salut est personnel”.

Se poutèt sa anpil fwa ou ka panse ke moun ki pi reyaksyonè, pi kòwonpi, epi ki fè plis mal a mas yo ak tout peyi a, se moun ki soti nan mas la menm – kòm si mas la gen move vant pou l kale modèl endividi konsa.

Fakilte Etnoloji (FE), Fakilte Syans Zimèn (FASCH), ak Enstiti Nasyonal Administrasyon, Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse (INAGHEI)nan Inivèsite Leta Ayiti, bay anpil egzanp sou endividi konsa. Men yo pa t fèt konsa: se yon pwosesis ki mennen yo la. Sa pa vle di dèske ou sòti nan trajektwa sa a, w ap vin reyaksyonè. Gen bon grenn ki soti nan kategori sa a ki chwazi rete onèt, epi angaje yo nan batay pou transfòme sosyete a. Men, malerezman, yo pa anpil.

Twazyèm kategori entelektyèl la

Twazyèm kategori a pa eritye anyen ditou. Se pitit moun ki souvan pa konn li ni ekri, oswa ki apèn kapab siyen non yo. Pitit bòn, pitit ti machann, moun k ap travay nan biwo kòm menajè, mesaje, ti peyizan san tè oswa ak mouchwa tè, ouvriye, ouvriyèz, gason lakou, moun k ap pote chay pou lòt moun. Li difisil, men li pa enposib pou kategori sa a bay entelektyèl.

Mòd alyans ki konn konstwi ant moun nan kategori sa a ak lòt kategori yo konn bay sa moun ann Ayiti rele: « apeti diri, ti wòch goute grès ». Sa vle di, akoz relasyon kèk moun nan kategori sa a devlope ak “gwo zouzoun”, oswa gras ak frekantasyon pitit yo ak politisyen, Monpè oswa lòt moun byen plase nan sosyete a, sa konn favorize sa sosyològ yo rele mobilite sosyal. Moun sa yo konn bay lòt moun batize pitit yo, oswa bay pitit yo rete ak moun zafè bon. Se pa tout ki mechan pou pa voye ti moun sa yo lekòl, jan Maurice Sixto di l nan Ti Sentaniz. Gen ladan yo ki, gras ak jefò pèsonèl oswa ak èd fanmi ki aletranje (jeneralman nan Etazini), jwenn lekòl ak kay peye pou yo jiskaske yo fini etid yo, menm jiska twazyèm sik. Ou pa ta kwè sa, men sa rive kanmenm.

Poutèt sa, nou ka sipoze ke sa yo rele détérminisme de classe la pa aplike menm jan nan tout ka. Reyalite a pi konplèks pase sa.

Nan tout twa egzanp mwen sot bay yo, se sèlman pa aza oswa ak anpil efò pou yon moun devlope konsyans patriyotik, renmen peyi li, defann peyi a, defann enterè kolektif ak byen komen. Se toujou yon konbinezon ant envestisman familyal, relasyon zanmitay, ak jefò pèsonèl ki bay nesans ak yon entelektyèl konsa.

Anpil ladan yo – sitou apre mouvman 1986 la – pase nan Inivèsite Leta Ayiti avan yo al etidye aletranje. Kit yo retounen, kit yo pa retounen, pifò nan yo pa bay peyi a regle yon grenn mèd. Yo chèche fè pitit yo swiv menm pakou a, pou asire reprodiksyon sosyal fanmi an. Pou sa, yo pare pou vòlò, detounen byen Leta (ki ta dwe byen tout sitwayen ak sitwayèn). Prèske tout kondisyon reyini pou kategori moun sa yo vin kòwonpi : absans envestisman Leta nan pakou moun sa a k ap vin entelektyèl, gwo teknisyen demen, presyon fanmi ak zanmi, motivasyon pèsonèl.

 Absans envestisman Leta a vle di  moun sa a pa etidye nan enstitisyon Leta soti nan kenndègadenn rive nan etid inivèsite. Se paran li, zanmi li ou byen kèk lòt opòtinite li jwenn ki ki ka fèl rive fin fè etid li. Se sèl papye diplòm nan li genyen. Li se yon moun prepare, ki gen papye diplòm men ki pa gen papaya monnen. Anpil fwa, yon moun konsa konn aksepte antre nan move dil, antre  nan koripsyon nan Leta tousa. Si yo rive rale l pou l antre nan yon pòs nan Leta, premyè motivasyon li se ranmase sa l kapab pou l pa janm tounen nan sitiyasyon l te ye avan an epi pou l ede fanmi l (manman l sitou) soti nan sa l ye a. Sa ki p a deside vòlò, ki kenbe  diyite yo, anpil fwa, antouraj yo kritike yo, joure yo enbesil, lè yo wè yo rete ou byen retounen nan pòvte.

Sa pèmèt nou reflechi sou fason moun ki soti nan dezyèm ak twazyèm kategori yo vin okipe gwo fonksyon nan Leta, epi kontinye menm lojik koripsyon ak majinalizasyon mas yo. Sa ka fèt omwen twa fason:

  1. Moun nan oligachi a deside rale kèk grenn nan klas mwayèn nan pou mete nan yon pòs, pou defann enterè klas pa li.
  2. Yon moun ki deja nan Leta a rale yon lòt (swa pou konpetans li, swa pa zanmitay, oswa pa alejans politik), epi mete l ladan.
  3. Gen konkou ki òganize, kèk eleman ki soti nan klas popilè oswa klas mwayèn ba patisipe, yo seleksyone yo, epi yo antre nan jwèt la.

Se toujou klas dominan yo ak alye yo k ap tire fisèl Leta a, kèlkeswa rejim politik ki anplas la. Diktati? Se yo. Demokrasi pèpè? Se yo. Gouvènman tranzisyon? Se yo toujou. Youn nan bagay ki fè se toujou yo, se mekanis yo mete an plas pou plase moun nan pòs kle ki p ap janm remete enterè yo an kesyon.

Ann pran yon egzanp: Jovenel Moïse te soti an pwovens, epi li te gen orijin peyizan. Plizyè senatè ak depite sòti nan klas ki pi ba yo. Men, nan enterè klas dominan yo ak enstitisyon finansye entènasyonal yo, yo te vle ogmante pri gaz la nan ponp. Lè pèp la reziste, Jovenel ak gouvènman li a fè bak. Men apre sa, yo fè konplo ak klas dominan yo pou vòlò lajan transfè an dola. Chak ane, se plizyè milya dola vèt ki voye. Klas dominan an pran dola a; yo bay pèp la yon ti kras goud ki pa gen valè. Lè Ariel Henry vin monte kòm Premye Minis, li pase vitès siperyè: li monte pri gaz la pou satisfè enterè klas dominan an ak enstitisyon finansye entènasyonal yo. Oligachi a kontinye ap vòlò dola a. Ariel tonbe, Konsèy Tranzisyon an monte, men pouvwa a kontinye ak menm politik la pou l pa deranje enterè klas dominan yo.

Fakilte Etnoloji gen repitasyon pou bay plizyè reyaksyonè, malgre li se youn nan fakilte Inivèsite Leta Ayiti ki akeyi plis etidyan ki soti nan mas la. Menm entelektyèl ki sòti nan mas yo, mete ak sa ki sòti nan klas mwayèn yo, pa kapab chanje fonksyònman sistèm nan anfavè klas yo. Yo antre pou kontinye fonksyònman jan sistèm nan te deja ap mache. Sa ki onèt yo, yo p ap antre nan koripsyon ki genyen nan sistèm nan, men li difisil pou yo transfòme l. Pandan se tan, gen anpil ti visye ki antre sèlman pou transfòme lavi pa yo ak lavi fanmi yo. Depi yo jwenn, yo pran san gade dèyè; yo pare pou mete tèt yo nan tout vye dil, nan tout kalite konpwomi.

Nou wè kijan sa ye pou vin entelektyèl ann Ayiti – nan sans save ki ekri, ki fè rechèch, ki patisipe nan pwodiksyon konesans. Sa pa fasil. An jeneral, se orijin sosyal ou ki detèmine trajektwa ou ka suiv si w vle konte pami moun ki entelektyèl yo.

Konklizyon

Katastwòf sosyal sa a sanble vrèman pi terib pase katastwòf natirèl tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Li pa fè bri menm jan ak sa moun yo te rele goudougoudou a. Bri li, se bri bal k ap pete nan tèt moun – ti moun kou granmoun – men sitou sou moun ki pa gen anpil mwayen. Li vini ak dife, li boule kay, vòlò bagay moun, touye moun, vyole fanm ak tifi, boule kadav nan lari, fè pwofanasyon sou kadav yo. Li pote kè sote, batman kè, transpirasyon, tranbleman, pèdi pawòl. Bandi pa epanye pèsonn: ni ti bebe, ni granmoun 80 a 90 lane. Yo pran yo, mete dife sou yo, oswa jete yo nan dife.

Katastwòf sa a pote rayisab, laèn, gwo kè sere, ak dezespwa. Moun pa ka sikile nan blòk ki pa blòk, sitou si yo pa gen papye idantifikasyon. Ou ka tonbe sou bwa kale. E bwa kale a pa dous. Se pa sèlman kout baton: se brid sou kou, epi li ka tounen mwayen transpò pou w al jwenn Baron nan simityè. Bwa kale vin tounen yon jistis popilè, zouti brigad otodefans yo pou defann katye yo.

Men sa ki pi tris la, se pa sèlman zak tankou touye moun, boule kay, vyole fanm ak tifi, oswa lage ti bebe nan dife. Sa ki pi douloure, se endiferans moun ki la pou anpeche sa rive. Dirijan yo, ki gen obligasyon defann popilasyon an kont kriminèl sa yo, sanble pa konnen devwa yo. Ou ta di yo konplis. Yo kouri kite Channmas, ale kote yo santi yo an sekirite. Yo pa fè anyen pou retounen nan Palè Nasyonal. Bandi fòse yo fèmen tribinal; bandi kraze prizon; bandi fè ministè yo nan gouvènman kouri al lòt kote – menm jan ak fason yo fè popilasyon katye popilè yo kouri kite kay yo.

Otorite yo pa montre yo kapab rezoud kriz la. Men yo rete atache ak pòs yo, pandan y ap tann kominote entènasyonal la pare pou mete yo ladan l.

Sak pi tris la ankò, se atitid ak konpòtman entelektyèl yo. Atis, mizisyen, ekriven, powèt – tout moun bèbè. Gen ladan yo ki kouri franchi baryè. Men kounye a, Donald Trump di yo “get out”, retounen lakay nou. Tout kategori moun sa yo viktim tou. Gang boule kay yo nan Tòsel, nan Pènyè, nan Taba, elatriye. Men yo pa oze òganize okenn rezistans. Yo sanble ak moun ki nan kan, k ap tann èd imanitè. Yo menm tou, y ap tann kominote entènasyonal la vin entèvni pou touye bandi.

Ala de ka, papa! Finalman, se mal sele k ap toujou foule.

Medya ak kominote entènasyonal pwograme lespri tout moun sou kesyon gang, sou touye bandi – kòmsi pa t gen pwoblèm anvan; kòmsi pa t gen pi gwo pwoblèm ki mennen nou la. Mizè nou lwen pou l fini. Paske nan katchouboumbe nou tonbe la a, malgre tout sa n ap viv, FMI di ekonomi an ap byen.

Ou wè ka nou?

Referans

Peck, R., Magloir, R., & Black, S. (Réalisateurs). (2013). Fatal Assistance (Assistance mortelle) [Documentaire]. ARTE Boutique.

Perspective Monde. (2021). Tremblement de terre en Haïti. https://perspective.usherbrooke.ca/bilan/servlet/BMEve/1952 (consulté le 29 mars 2025)

Radio France Internationale. (2024). Horreur et stupéfaction après le massacre de Wharf Jérémie. https://www.rfi.fr/fr/podcasts/journal-d-ha%C3%AFti-et-des-am%C3%A9riques/20241210-horreur-et-stup%C3%A9faction-apr%C3%A8s-le-massacre-de-wharf-jeremie (consulté le 29 mars 2025)

Schuller, M. (2012). Killing with kindness: Haiti, international aid, and NGOs. Rutgers University Press.

Seitenfus, A. S. R. (2015). Échec de l’aide internationale à Haïti : Dilemmes et égarements. Les Éditions CIDIHCA.

Thomas, F. (2020). Haïti, la république des ONG. https://www.franceculture.fr/emissions/superfail/haiti-la-republique-des-ong (consulté le 29 mars 2025)

Vant Bèf Info (VBI). (2020). Haïti/Insécurité : Le Premier ministre en contact avec des chefs de gangs. https://vantbefinfo.com/haiti-securite-le-premier-ministre-en-contact-avec-des-chefs-de-gangs/ (consulté le 29 mars 2025)

Nòt

[1] « En Haïti, plus de 85% des écoles de base sont privées, ainsi que 94% des écoles maternelles. Le secteur privé contrôle 90% du système. 37% des enfants âgés de 36 à 59 mois ne participent pas à un programme préscolaire (UNICEF, 2017). Seulement 5% des personnes handicapées font partie du système éducatif. »

[2] Au total sur 908 institutions de santé, 31% sont publiques, 46% sont privées et 23% sont mixtes. Le secteur privé lucratif est très important, particulièrement en zone métropolitaine, et peu articulé avec le secteur public. Ref. Organisation Mondiale de la Santé (OMS) (2017). Haïti, stratégie de coopération. Un aperçu. Texte disponible sur le site : consulté le 28 mars 2025

Sou otè a

Dr Ilionor Louis est sociologue, professeur à l’Université d’État d’Haïti et directeur du Centre Égalité à Port-au-Prince. Spécialiste des violences urbaines, des inégalités sociales et des dynamiques de reconnaissance, il mène depuis plus de quinze ans des recherches sur les populations marginalisées. Auteur de plusieurs ouvrages et articles scientifiques, il a aussi travaillé comme consultant pour des organismes tels que le PNUD, ONU-Habitat et Solidarité Laïque. Docteur en sociologie (Université de Montréal), il est également membre d’équipes de recherche internationales engagées sur les questions de genre, de handicap, et d’inclusion sociale en Haïti et ailleurs​.

commentaires

Dernières nouvelles